Pwoblem
7yèm distrik Massachusetts gen kominote ki diferan ak dinamik men tou se youn nan distrik ki pi inegal nan Commonwealth-ak nan tout peyi a. Jodia lè nou monte nan premye bis MBTA nan Cambridge li pi piti pase 3 miles pou ale nan stasyon Dudley nan Roxbury, men tan pouw fè vwayaj 30 minit sa kob yon fanmi an mwayèn nan vwazinaj ou bese a preske $50,000 e esperans lavi pa preske 30 tan.
Disparite sa yo pa jis rive konsa. Yo se rezulta vizyon pou yon ti bout tan pandan pluzyè deseni, politik eksklizyon, ki anrasinen rasis enstitisyonel, ogmante inegalite nan lajan nou touche e bay plis avantaj a moun ki nan pouvwa. Ayanna fè tout vi pwofesyonèl li ap travay pou chanje eritaj sa nan politik kap detwi sa yo pandan lap asire ke sa ki pre soufrans yo se yo ki pre pouvwa dirije ak enfòme politik yo.
Nan kongrè a, Ayanna ap goumen poul reziste a politik du, strik ke White House mete an plas ki menase pou fè nou fè back e li ap travay chak jou- nan tèt ansanm ak kominote yo- pou avanse politik odasye ak konpatisan nan pwoblèm moun 7yèm distrik Massachusetts soti nan kay ak transpò rive nan swen lasante, edikasyon, jistis ak dwa fanm ak timoun.
- Kanpe avek kominote LGBTQ+
- Politik etranjè te santre sou senpati ak pouswit lapè.
- Adrese enpak vyolans ak chòk
- Pwoteje dwa fanm, tifi ak timoun (jistis repwodiktif ak jistis sivivan).
- Abòde disparite ki genyen nan swen lasante
- Konfwonte Kriz Klimatik La
- Agrandi opòtinite edikasyon
- Imajine Lavni Transpò
- Yon sistèm imigrasyon ki jis ak imen
- Lojman kom dwa moun
- Yon Ekonomi ki mache pou tout moun
- Transfòme Sistem Jidisyè Penal nou