Edikasyon pou tout moun

Ayanna kwè nan salè konpetitif pou pwofesè lekòl piblik nou yo ak jistis edikasyon pou tout elèv nou yo. Se poutèt sa li te travay nan tèt kole ak sendika pwofesè yo pou peze sou kondisyon travay san danje, pi bon salè, ak respè pwofesè nou yo merite. Li prezante lejislasyon pou adrese sa ki bloke elèv nou yo – espesyalman ti fi Nwa – nan sa ki gen ak wè ak diskriminasyon nan lekòl nou yo. 

Ayanna te travay kole kole ak kolèj ki nan kominote nou yo e garantie resous kritik yo pou elaji aksè ak edikasyon pou fanmi yo nan distrik nou an.

Ayanna te pase plizyè ane ap goumen pou anilasyon dèt elèv yo epi, nan tèt ansanm avèk Senatè Warren, kòlèg li nan kongrè a, e ak yon kowalisyon ki travay pou defann ak prete lajan, te arive avèk siksè garanti aksyon prezidansyèl pou anile $ 20k pou moun ki prete lajan Pell ak $ 10k pou moun ki prete atravè nasyon an.