Enfòmasyon pou elektè yo

Dat Enpòtan

  • Jou Eleksyon Primè: 6 Septanm
  • Peryòd pou Vote Bonè: 27 Out – 3 Septanm
  • Dat Limit pou soumèt aplikasyon Vòt ou pa Lapòs: 29 Out
  • Dat limit pou Enskri pou Vote oswa Mete ajou Enskripsyon Elektè ou: 28 Out.

Lyen Enpòtan

Enskri pou Vote/ Tcheke estati anrejistreman elektè ou

Dat Limit pou enskri pou vote nan eleksyon primè Massachusetts se 27 Out. Ou ka enskri oswa mete ajou enskripsyon elektè ou isit la.

Vote pa Lapòs/Absan

Ane sa, tout elektè ki anrejistre nan Massachusetts ap gen opsyon pou vote pa lapòs. Nan mwa Jiyè, ou ta dwe resevwa yon aplikasyon bilten vòt pou vote pa  lapòs. Aplikasyon sa a dwe ranpli ak delivre (pa lapòs, faks, oswa an pèson) nan depatman eleksyon lokal ou a oswa anvan 5:00 apremidi nan jou 29 Out la.

Aprè yo fin resevwa aplikasyon ou a, y’ap voye yon bilten vòt pa lapòs ba ou. Bilten vòt yo pral kòmanse poste nan premye semèn nan mwa Out epi yo dwe retounen nan depatman eleksyon lokal ou a pa pita pase 8è nan aswè jou 6 Septanm la.

E si mwen pa resevwa yon aplikasyon bilten pa lapòs?

Si ou pa resevwa yon aplikasyon bilten pa lapòs, ou ta dwe re-tcheke estati enskripsyon elektè ou isit la

Ou kapab enprime tou yon aplikasyon bilten vòt isit la.

Ki kote mwen ka voye aplikasyon bilten vòt mwen an?

Ou pral voye aplikasyon bilten vòt ou a bay depatman eleksyon lokal ou. Kat pou vòt pa lapòs la, li idantifye ak gen so deja, donk tout sa ou bezwen fè se ranpli li, epi poste l’ tounen! Si ou enprime aplikasyon bilten vòt ou a, ou ka gade adrès lokal depatman eleksyon ou la.

Kilè mwen bezwen voye bilten vòt mwen an?

Aplikasyon bilten vòt ou a bezwen fizikman rive nan depatman eleksyon lokal ou a nan dat oswa anvan 29 out– nou rekòmande pou asire omwen sèt jou pou aplikasyon w lan rive. Yon fwa ou resevwa li, ranpli li epi voye li tounen pi vit ke posib!

Ki lè mwen ka kòmanse vote pa lapòs/e ki lè mwen bezwen voye bilten vòt mwen an?

Aprè ou resevwa aplikasyon ou, y’ap voye yon bilten vòt pa lapòs ba ou pa lapòs. Bilten vòt yo ap kòmanse poste premye semèn mwa Out la epi yo dwe retounen nan depatman eleksyon lokal ou pa pita pase 8è nan 6 Septanm.

Vote an Pèsòn

Ou ka jwenn biwo eleksyon lokal ou  isit la.

Vote Bonè

Ane sa, elektè yo nan Massachusetts pral gen kapasite pou yo vote bonè an pèsòn. Vòt bonè se yon bon fason pou evite liy long nan Jou Eleksyon an. Ou ka vote bonè kòmanse nan jou 27 Out  jiska 3 Septanm. Tout lokasyon kote ou ka vote bonè yo pral disponib omwen yon semèn anvan vote bonè a kòmanse. Tcheke sit entènèt ou an pou Grefye Eleksyon an pou orè pou vote bonè a ak kote yo ye.

Vote nan Jou Eleksyon an

Ou ka vote tou an pèsòn nan premye jou eleksyon an – 6 Septanm – kòmanse nan sèt è nan maten jiska 8è nan aswè. Biwo vòt lokal yo ka chanje depi dènye fwa ou te vote a.Ou ka jwenn biwo vòt ki pi ajou isit la.