Transfòme Sistem Jidisyè Penal nou

Gwo disparite nan sistèm jidisyè penal yo pa nouvo. Yo pa sekrè. Pou mwne menm, yo pèsonèl. Pandan plizyè ane, politisyen, militan ak manm kominote yo konnen ke sistèm jidisyè penal la pa pini moun koulè yo menm jan men nou wè ti pwogrè ki fèt nan fason yo trete inekite sa yo.

Gwo konsekans laguè dwòg, anprizonman ki se rezilta dirèk nan koze etabli kosyon lajan kach ak pri men wotè tribinal, move ankourajman ki nan endistri prizon pou pwofi- chak sa yo se yon desizyon politik ki kondwi a fason inegal anprizonman moun nwa fèt.

Pou byen adrese eritaj politik inekitab sa yo mande ke nou demonte ak reimajine totalman sistèm jidisyè penal nou. Pou nou ranplase yon sistèm rasis, ki pa renmen moun, e ki fondamantalman kraze fok nou antreprann yon gwo non anprizonman efò ak konstwi yon sistèm ki konsantre sou prensip pouvwa pataje, libète, sekirite, egalite ak diyite moun.